Eske’w janm panse a Sa nou te ka ye
A Sa nou te ka fè
Si’n pat kite lavi mache sou do pye’n
Kite la sosyete aprann nou renmen?
Eske’w janm mande’w koman sa tap ye
Si nou pat janm kite
Si’n te pèmèt kè nou deside
Olye lojik nou komande?
Eske chak fwa m’ekriw
Ou santi’w jan’m santim
Tankou nou pat janm finn pale
Tankou nou pat janm finn love
Depi’n pale sans mwen boulvese
Se tankou’w te bò kote’m
Se tankou ou tap touche’m
Tankou ou tap ambrase’m
Poutan anpil tan pase
Nou pa janm fon’w pale
An silans nap gade
Lavi youn lòt kap defile
Avek le tan naprann kontwole
Jès nou ak pawol nou
Men nou pap janm ka metrize
Lè sans nou pran dife
Men sa pap janm rive
Mwen pa vle sa rive
Pou nou dekontwole
Jouk tan nou deraye
Mwen pito ret poze
Sispann imajine
Kisa nou te ka ye
Si nou pat separe